Wòl Akademi Kreyòl Ayisyen (AKA) nan "devlopman syantifik" lang kreyòl la
- Frenand Léger

- 23 oct.
- 3 min de lecture
Dernière mise à jour : 31 oct.
Entwodiksyon Atik 213
Konstitisyon ayisyen ane 1987 la mande Leta pou li kreye yon akademi ki dwe travay pou « devlopman syantifik » lang kreyòl la. Pandan ouvèti XIIyèm kòlòk Asosyasyon Etid Kreyòl ki te fèt Ayiti nan mwa novanm 2008, Fritz Deshommes, vis rektè pou rechèch nan Inivèsite Leta Ayiti (ILA) nan epòk sa a, te lanse yon apèl pou ekspè ak otorite Leta yo koumanse reflechi sou fason yo pral mete akademi an sou pye jan Konstitisyon 1987 la mande li a. Se kon sa Rektora ILA ak kèk lòt sektè nan sosyete sivil la te lanse inisiyativ fòme yon komite pou yo mete akademi an sou pye. Soti 27 pou rive 29 oktòb 2011, ILA òganize yon kòlòk entènasyonal nan Pòtoprens kote yo te brase lide sou tèm « Akademi Kreyòl Ayisyen : Ki pwoblèm ? Ki avantaj ? Ki defi ? Ki avni ? ». Nan liv sou kolòk la ki te soti nan mwa avril 2013, 27 espesyalis nasyonal e entènasyonal te bay dizon yo sou dosye akademi an. Yon lane avan sa, nan mwa desanm 2012, biwo Sena Repiblik la te gen tan vote Lwa pou kreyasyon Akademi Kreyòl Ayisyen an (Lwa a). Nan mwa avril 2013, Chanm Depite Repiblik la vote Lwa a. Yon lane apre sa, pouvwa egzekitif la te aksepte ak anpil retisans fè konpwomi pou yo te fè pibliye Lwa a, ki parèt nan nimewo 7 avril 2014 nan Le Moniteur, ki se jounal ofisyèl peyi a. Jou 4 desanm 2014, ILA te fè enstalasyon 33 akademisyen, an absans chèf Leta epòk la, pou li louvri ofisyèlman yon enstitisyon Leta ki otonòm e ki rele Akademi Kreyòl Ayisyen (AKA).
Soti desanm 2014 pou rive jounen jodi a, sa fè plis pase 6 lane depi AKA ap fonksyonnen sou tè Ayiti avèk finansman ki nan bidjè anyèl Leta ayisyen. Pandan 6 lane sa yo, ki dispozisyon konkrè dirijan AKA yo pran pou enstitisyon an ankouraje epi patisipe nan pwodiksyon travay akademik oswa syantifik ki ta kapab kontribiye nan « devlopman syantifik » lang kreyòl la dapre atik 213 ki nan Konstitisyon 1987 la ? Èske baz òganizasyonèl ak mòd fonksyònman AKA mete l nan pozisyon pou li ranpli misyon syantifik li ki detaye nan Lwa a ? Objè atik sa a, se pwopoze repons pou kesyon fondamantal sa yo dapre prensip objektivite, rigè ak etik pwofesyonèl ki dwe gide travay rechèch syantifik. Nan sans sa a, mwen te analize, dapre yon demach endiktif, tout done piblik ki disponib sou AKA, san konte lòt done mwen genyen kòm ansyen akademisyen manm komisyon syantifik AKA. Pami dokiman ki sèvi m kòm sipò pou alimante refleksyon m sou wòl ak kontribisyon AKA nan « devlopman syantifik » lang kreyòl la, genyen Lwa a, liv kòlòk sou AKA, Premye rezolisyon sou òtograf lang kreyòl ayisyen an, bilten AKA, plis lòt kominikasyon ofisyèl ki pibliye sou sitwèb AKA ansanm ak enfòmasyon ki sou paj Facebook enstitisyon an. Epi tou, mwen konsilte plizyè atik yo te pibliye nan laprès sou AKA. Se tout done sa yo ki ban m yon konesans a posteriori sou mòd òganizasyon ak fonksyònman AKA. Se menm done sa yo tou ki pèmèt mwen ka analize sitiyasyon an dapre prensip objektivite yon fason pou m garanti validite tout kritik ak rekòmandasyon mwen fè nan atik sila a.

Commentaires