Wòl lang kreyòl la nan pwosesis (re)konstriksyon Ayiti a
- Frenand Léger

- 20 oct.
- 4 min de lecture
Dernière mise à jour : 23 oct.
Entwodiksyon
Malgre sa anpil entèlektyèl frankofòn ta vle kwè, pami tout faktè ki gen yon enpak negatif sous sistèm edikatif ak ekonomi nan peyi Ayiti, itilizasyon lang franse a se yonn nan sa ki pi enpòtan yo. Se vre, lang franse a, kòm yon mwayen kominikasyon, pa reprezante yon pwoblèm an li-menm. Sa ki pwoblèm nan jouk jounen jodi a, se fason yo kontinye ap sèvi ak lang sa a nan sosyete Ayiti a. Depi peryòd lakoloni, itilizasyon lang franse a te toujou ale nan dezavantaj lang kreyòl la nan domèn kominikasyon ekri ansanm ak nan pi fò sityasyon fòmèl yo. Men, malerezman, gen kèk entèlektyèl ki chwazi minimize enpak negatif itilizasyon lang franse a sou sistèm edikatif ayisyen an. Sèten moùn menm rive deklare se pa itilizasyon lang franse a ki responsab echèk edikasyon nan peyi Ayiti.
Nou chwazi reflechi sou wòl lang kreyòl la nan pwosesis (re)konstriksyon Ayiti a nan atik sa a, paske lè nou fè nouvèl nan radyo ak televizyon oswa lè nou li jounal sou koze (re)konstriksyon Ayiti a, epi sitou lè nou li rapò ak dokiman ofisyèl ki pibliye sou koze a, nou remake de lang ki ap domine diskou sou kesyon (re)konstriksyon Ayiti a se Franse ak Angle. Pa egzanp, tit dokiman Komisyon Enterimè pou Rekonstriksyon Ayiti a (KERA) se « Plan d’action pour le relèvement et le développement national d’Haïti ». Dokiman sa a ak tout lòt rapò ou jwenn sou sitwèb KERA a ekri an franse ak angle sèlman. Dokiman Fowòm Dyaspora Ayisyen an li-menm, ki an angle, se « Contributing to a strategic plan for reconstruction and development in Haiti». Dokiman PNUD lan se « Donner à Haïti les moyens de construire un meilleur avenir »; Gen yon lòt ki se « Haiti: Stabilisation and reconstruction after the quake ». Epi, nou jwenn pa Òganizasyon pou Lafrankofoni an ki se « Propositions d’actions de la Francophonie pour la reconstruction d’Haïti ». Nou site tit dokiman sa yo kòm egzanp, men gen anpil lòt ankò. Nou kab remake pa gen okenn tit an kreyòl. E si genyen, yo pa anpil. Epitou, pi fò ladan yo se dokiman yo te ekri dabò an franse oswa an angle yo tradui apre an kreyòl.
Kidonk, mizanplas teyorik pwojè (re)konstriksyon Ayiti a ap fèt nan 2 lang ki etranje pou pèp ayisyen an. Epi, li ta sanble yo pa tèlman itilize lang kreyòl la nan tout gwo reyinyon, rankont, konferans nasyonal ak entènasyonal ki ap fèt sou koze a. Kisa nou konprann nan sa a? Poukisa se ak lang etranje yo kontinye ap sèvi pou reflechi sou pwoblèm pèp ayisyen an? Poukisa lang kreyòl la kontinye ap sibi dominasyon lang franse a jouk jounen jodi a? Ki konsekans eksklizyon oswa mank itilizasyon lang kreyòl la kab genyen sou rezilta pwojè (re)konstriksyon Ayiti a? Se tout kesyon sa yo nou pral chache reponn nan atik sila a. Men, pou nou kab jwenn bon jan repons objektif pou kesyon sa yo, nou oblije dabò defini kòmsadwa tout konsèp kle nou pral itilize nan travay refleksyon sila a.
Nan tit prezantasyon an gen 3 konsèp kle ki mande bon jan definisyon. Se «(re)konstriksyon», «Ayiti» epi «kreyòl». Chak grenn konsèp kle gen lòt konsèp ki makònenn ak li. Pa egzanp, mo «kreyòl» la makònnen ak «lang», «kilti», « idantite kolektiv nasyonal, kiltirèl» elatriye. Mo «Ayiti» a li menm li konekte ak «peyi», «pèp», «leta», «nasyon» eksetera. Donk, nou pa ta renmen ap pale de chat epi gen moun ki konprann se de chen nou ap pale. Se pou rezon sa a, li enpòtan anpil pou nou etabli yon kad konseptyèl kote nou ap defini konsèp kle travay refleksyon nou an.
Konstriksyon oswa rekonstriksyon?
Ki sans 2 mo sa yo genyen? Sa kab parèt yon ti jan dwòl nan yon atik konsa pou nou deside rete pèdi tan sou definisyon ak diferans ki genyen ant de mo byen senp sa yo. Si se vre definisyon ak diferans ki genyen ant «konstriksyon» ak «rekonstriksyon» klè tankou dlo kokoye, nou pa gen lenpresyon se sa li ye pou gwo otorite, ekspè nasyonal ak entènasyonal ki ekri tout dokiman ak rapò ofisyèl sa yo sou pwojè (re)konstriksyon Ayiti oswa Pòtoprens lan.
Nan mo «rekonstriksyon» an, nou jwenn prefiks « re » a ki, nan kontèks sa a, vle di «ankò» ak mo «konstriksyon» an ki, li-menm, se aksyon ou fè lè ou ap konstui yon bagay pou lapremyè fwa. Kidonk, «konstriksyon» se aksyon ou fè lè ou ap konstui yon bagay ki te egziste deja, yon bagay ki te deja konstui men ki te vin kraze pou yon rezon kèlkonk. Pou eksplike sa nou ap di a, nou kab pran palè nasyonal peyi Ayiti a kòm egzanp. Lè achitèk Jòj Bosan te fè plan palè a epi enjenyè, kontremèt ak bòs mason te mete li kanpe nan lane 1918, se te yon «konstriksyon» yo te fè. Jounen jodi a, palè nasyonal la kraze akoz tranblemanntè a. Lè yo ava mete li kanpe ankò se va yon «rekonstriksyon».

Commentaires