top of page

Analiz fòmèl lodyans Maurice Sixto ki rele Lea Kokoye ak J’ai vengé la race

Dernière mise à jour : 25 oct.


Entwodiksyon

Pami tout zèv Maurice Sixto yo, mwen chwazi travay sou Lea Kokoye ak J’ai vengé la race pou plizyè rezon ki alafwa pratik e teyorik. Travay analiz fòmèl 2 lodyans sa yo an paralèl pral pèmèt mwen brase lide sou plizyè kesyon epistemolojik. Kesyon sa yo pratik, yo teyorik, epi yo metodolojik tou paske lè n ap analize yon objè oswa yon fenomèn, nou toujou bezwen yon metòd e metòd sa limenm, pou li ka efikas, dwe chita sou yon baz teyorik solid kote konsèp yo klè epi presi. Se konsa nou kapab rive konprann epi defini kòm sa dwa objè etid literè sa a ki rele lodyans.


Fenomèn literè ki rele lodyans lan se yon fòm diskou/tèks naratif ki jwenn orijin li sou tè d Ayiti. Dapre Georges Anglade (2010, p. 5), lodyans ta sanble pran nesans nan epòk lakolonizasyon nan menm moman ak relijyon vodou ayisyen an e ak lang kreyòl la. Youn nan kritè ki pi enpòtan lè y ap evalye valè estetik yon zèv literè se kalite lang yo itilize pou ekspresyon zèv sila a. Se poutèt sa, anplis yon pakèt lòt konsèp teyorik nan domèn literati ak naratoloji, konsèp tankou « lang », « pawòl », « diskou », « kreyòl », « kreyolizasyon », « oralizasyon », « oralite », ta dwe jwenn plas yo nan nenpòt etid serye k ap fèt sou lodyans. Se poutèt sa tou m ap koumanse ak yon brase lide sou fason yo defini konsèp ak nosyon sa yo. Etap definisyon konsèp yo enpòtan pou plizyè rezon. An reyalite, kit nou se espesiyalis nan domèn literati, lenguistik ak analiz diskou, kit nou se pwofàn nan domèn sa yo, se brase lide sou fason yo defini konsèp ak nosyon sa yo ki pral pèmèt nou byen konprann eksplikasyon mwen pral bay nan atik sila a sou lodyans Sixto yo.


Lè mwen fin defini konsèp yo nan yon premye tan, mwen va fè yon rale sou sitiyasyon teyorik objè etid literè e kiltirèl ki rele lodyans lan. Apre mwen fin prezante modèl teyorik mwen kreye pou lodyans lan, mwen pral mete Lea Kokoye ak J’ai vengé la race an paralèl nan yon analiz ki chita sou modèl teyorik mwen an ak sou plizyè konsèp operasyonèl nou jwenn nan domèn naratoloji ak Gérard Genette (1991, 1987, 1983), nan domèn lenguistik tekstyèl ak Jean-Michel Adam (2011, 2005), epi nan domèn analiz diskou ak Mikhaïl Bakhtine (1984, 1978).


1. Definisyon kèk nosyon ak konsèp teyorik enpòtan

Pami nosyon ak konsèp teyorik mwen pral defini la yo ki pou pèmèt nou konprann sa mwen pral di yo, m ap koumanse avèk « kreyòl », « lang » « pawòl » epi « diskou ». Pandan m ap defini 4 nosyon sa yo, n ap tou konprann sans lòt konsèp vwazen yo tankou « kreyolizasyon », « oralizasyon », ak « oralite ». Depi yo di « kreyòl » nou wè « lang » paske nou toujou tande yo di « lang kreyòl la » lè y ap pale de yon lang kreyòl an patikilye tankou kreyòl ayisyen paregzanp, oswa « lang kreyòl yo » lè y ap pale de gwo kategori lang sa yo ki te fòme nan kontèks lakolonizasyon. Nou konn tande yo di tou « pawòl kreyòl » ki pa vle di menm bagay ak « lang kreyòl ». Yon lang se yon enstitisyon sosyal ki pèmet moun kominike antre yo nan yon kominote. Se yon sistèm kominikasyon abstrè ki baze sou règ ak konvansyon sosyal. Mwen di « abstrè » paske lang se yon nosyon teyorik li ye. Se reprezantasyon mantal yon objè ki pa konkrè, sa vle di yon objè ki pa vrèman egziste nan lanati. Ou pa ka wè, ni touche, ni santi ni tande yon lang. Dapre Ferdinand Saussure, ki se youn nan fondatè syans lenguistik modèn nan, sa w tande ki soti nan bouch moun lè y ap pale se pa lang li ye, se pawòl oswa diskou. Nou prefere itilize mo « diskou » nan plas « pawòl » paske li gen yon sans ki pi laj. Konsèp diskou a anglobe ni pawòl oral ni pawòl ekri. Kidonk, nou ka sèvi ak konsèp diskou a pou n fè referans ni avèk lodyans Maurice Sixto yo ki nan domèn oralite oswa oraliti ni avèk lodyans ekriven- lodyansè yo tankou Justin Lhérisson ak Gary Victor ki nan domèn literati.


Pou nou ka pi byen konprann pou ki sa li enpòtan pou nou fè diferans ant « lang » e « diskou » an relasyon avèk lodyans, kite mwen rakonte nou istwa yon eksperyans mwen te fè ann Ayiti nan mwa me 2019 pandan mwen te ale bay yon konferans sou lodyans nan Inivèsite Leta Ayisyen. Nan fen konferans mwen an, mwen te prezante yon nouvo modèl teyorik ki defini an detay objè literè ayisyen ki rele lodyans lan. Youn nan eleman mwen ensiste sou li nan modèl teyorik mwen an, se rapò entim ki egziste ant lodyans e lang kreyòl ayisyen an. Mwen di ke se nan matris lang ak kilti oralite kreyòl la kategori estetik yo rele lodyans lan soti. Se oralite kreyòl la ki bay lodyans lan fòm li, estrikti l, kontni tematik li, ak tout sibstans pragmatik li. Kidonk, lodyans ak kreyòl se pwason kraze nan bouyon. Lè m te fin di pawòl sa yo, yon pwofesè inivèsite ki te nan sal la, ki te vle demanti m, te di m J’ai vengé la race se yon lodyans Sixto te konpoze epi rakonte antyèman nan lang franse. Kidonk, ipotèz makònay lodyans ak kreyòl ki nan teyori mwen an pa kenbe dapre pwofesè inivèsite a.


Lè m byen reflechi, m panse gen 2 faktè ki ka eksplike pou ki sa pwofesè a te chwazi itilize J’ai vengé la race pou l eseye demonte teyori mwen an. Premye rezon an, sè ke pwofesè a, malgre li di ke li se yon espesiyalis nan analiz diskou, pa sanble fin byen konprann diferans teknik ki genyen ant lang ak diskou. Jan m sot eksplike l talè a, menm si yo defini lang kòm yon mwayen kominikasyon, se pa yon objè konkrè nou ka obsève dirèkteman. Sa nou ka obsève e analize lè yon moun ap pale oswa ekri se eleman diskou yo ye. Kit diskou a oral, kit li ekri, eleman nou jwenn ladan l yo alafwa lenguistik e ekstralenguistik. Pami eleman lenguistik yo, genyen fonèm, monèm, mo, fraz, eksetera. Pami eleman ekstralenguistik yo, gen ekpresyon kò moun, ekpresyon vizaj moun, bri patikilye moun fè ak bouch yo, ak men yo lè y ap pale, jès, ezitasyon, silans, entonasyon, eksetera. Lè n ap analize yon lodyans, nou dwe konsidere tout eleman lenguistik ak diskisif sa yo alafwa si nou vle byen sènen epi konprann lodyans lan nan tout konpleksite l.


Dezyèm rezon ki ka eksplike pou ki sa pwofesè a te chwazi J’ai vengé la race se petèt paske li poko pran tan pou li byen analize tèks sila a. Si pwofesè a sèvi avèk bon jan metòd nan domèn lenguistik tekstyèl ak analiz diskou pou li etidye J’ai vengé la race kòm sa dwa epi konpare l avèk lòt lodyans Sixto yo, sa va pèmèt li konstate J’ai vengé la race se pa yon lodyans tipik. Dapre analiz pa mwen, J’ai vengé la race se yon tèks ki diferan pa rapò ak lòt tèks oral Sixto yo. Ipotèz pa mwen, sè ke J’ai vengé la race se pa yon vrè lodyans. Atansyon ! Si m di J’ai vengé la race se pa yon vrè lodyans, se pa paske Siksto konpoze l an franse non. Si se ta sa, nou ta ka di Zoune chez sa nainnaine, La famille des Pitite-Caille ansanm ak majorite istwa kout Gary Victor yo, ki ekri an franse, se pa lodyans yo ye. Rezon ki fè m di J’ai vengé la race se pa yon vrè lodyans, se paske li manke plizyè eleman karakteristik fòmèl ak pragmatik ki espesifik ak fòm estetik ki rele lodyans lan. Akoz limit yo ban mwen nan longè atik sila a, mwen pa p ka antre nan twòp detay tenik, men paralèl mwen pral fè la ant J’ai vengé la race e Lea Kokoye ap pèmèt nou konprann grosso modo sou ki baz syantifik ipotèz mwen an chita.




Maurice Sixto

Commentaires


bottom of page