Yon koze sou sa yo rele woman nan literati franse
- Frenand Léger

- 20 oct.
- 5 min de lecture
Dernière mise à jour : 23 oct.
Yon premye koze pou koumanse
Mwen ap koumanse atik sila a avèk yon avètisman pou tout kreyolis konsekan, ki ap travay pou bay lang kreyòl la jarèt nan domèn ekri a. Pou nou fè yon travay objektif, metodik, ki chita sou bon jan rechèch teyorik ak istorik, nou pa kapab twò ideyalis. Fòk nou gen yon atitid reyalis pou travay anrichisman kòd ekri lang kreyòl la ka objektif. Mwen ta renmen nou konprann reyalite sa a nou pral debat sou li la a, se pa yon reyalite kreyòl li ye. Kategori literè yo rele « woman » an poko rantre nan tradisyon kreyòl la kòmsadwa, paske nou kapab konte sou dwèt nou kantite woman kreyòl ki egziste jounen jodi a. Anfèt, menm sa kritik yo rele « woman ayisyen » an, se nan lang franse li ekri. Kidonk, pifò sa mwen pral di sou sa yo rele woman an, yo souche nan lang ak kilti peyi Lewòp yo. Dayè, depi se sou woman yon moùn ap koze, li oblije rantre byen fon nan lang ak kilti peyi ki pale lang womàn yo, paske mo « woman » an limenm, se anndan vant lang womàn yo li soti dirèk-dirèk. Premye fwa yo te itilize mo « woman » an nan zòn Ewòp la se te pou idantifye yon lang popilè, yo te rele « lingua romana rustica » ki te pran orijin li nan lang laten an. Lang sa a te rele « woman » paske aristokrat enperiyalis women yo, ki soti Lawòm, se te laten yo te pale. Nan epòk XII yèm syèk yo konsa, yo te koumanse tradui tèks laten yo an woman, e se konsa, lang woman an te vin kouche sou papye pou lapremyè fwa nan listwa. Nan epòk sa a, yo te vin ap sèvi ak lang woman an pou rakonte istwa sou papye e se konsa premye istwa ki parèt nan chan literè yo te vin pote menm non avèk lang yo te itilize pou ekri yo a. Se nan lane 1150 yo konsa, yo te koumanse rele, istwa long ki ekri nan lang sa a, « woman ». Pifò nan istwa sa yo se te tradiksyon ak adaptasyon istwa ki te deja ekri an laten. Pou fini ak premye ti koze sa a, fòk nou di se nan « lingua romana rustica » a anpil lang ewopeyen soti. Pami lang sa yo, gen italyen, espayòl, pòtigè epi franse. Tout sa se pou mwen mete yon ti pinga. Mwen pa ta renmen pou kreyolis aktivis, ekstremis yo, ta etone oswa estomake, si majorite egzanp ak referans mwen pral itilize nan atik sa a se nan dokiman ki ekri nan lang franse yo soti, paske pa prèske gen anyen ki ekri sou sijè sila a nan lang kreyòl ayisyen an. Ni tou kritik literè ayisyen yo pa vrèman abòde sijè woman an nan lang manman yo.
Evolisyon sans mo « woman » an
Lè yon moùn ap chache konprann epi defini yon reyalite, youn nan pi bon fason pou li fè sa, se chache enfòmasyon sou orijin mo ki sèvi pou idantifye reyalite a epitou sou reyalite a limenm. Lè li konbine de apwòch sa yo, li gen plis chans pou jwenn yon rezilta valab. Nan lespri tout moùn ki renmen literati epi ki abitye fè lekti nan domèn nan, yon woman se yon dokiman ekri an pwoz ki gen ladan li yon istwa long yon ekriven imajinen. Sa vle di yon istwa ekri sou papye ki tabli kò li nan « lafiksyon » alòske aksyon ak evènman yo ta sanble souche nan « lareyalite ». Sa se yon definisyon lajman laj, ki sanble ak sa nou jwenn nan pifò diksyonè ak ansiklopedi franse, soti nan tan lontan rive nan moman prezan an. Paregzanp, nan diksyonè Furetière la, ki te soti nan lane 1690, woman vle di: « livres fabuleux qui contiennent des histoires d’amour et de chevaleries, inventés pour divertir et occuper des fainéants – liv fiksyon ki gen istwa damou ak istwa chevalye, ekriven envante pou amize epi distrè aryennafè ». Definisyon sa a pwoblematik paske gen yon jijman pèsonèl ladan li, ki pa objektif epitou li pa ase laj. Dapre yon lòt ekriven yo rele Louis Jaucourt nan Encyclopédie ou Dictionnaire raisonné des sciences, des arts et des métiers (1751-1772), yon woman se yon: « récit fictif de diverses aventures merveilleuses ou vraisemblables de la vie humaine – istwa imajinè sou divès kalte evènman ekstrawòdinè oswa òdinè nan lavi moùn ». Menm si dezyèm definisyon sa a pi enteresan pase premye a, li manke toujou, paske li pa espesifik ditou. Nan diksyonè Littré a (1863-1873), yon woman se yon « histoire feinte, écrite en prose, où l’auteur cherche à exciter l’intérêt par la peinture des passions, des moeurs ou par la singularité des aventures – istwa envante, ki ekri an pwoz ak objektif pou pwovoke enterè kay lektè a nan fason otè a reprezante pasyon ak konpòtman moùn epi atravè orijinalite evènman yo ». Twazyèm definisyon sa a pi espesifik pase de premye yo, men li manke toujou, paske li pa pèmèt nou fè diferans ant woman ak lòt kategori tèks fiksyon naratif yo. Pou fini ak definisyon nan diksyonè, ann gade kouman Petit Robert 2011 lan defini woman an : « une œuvre d’imagination en prose, assez longue, qui présente et fait vivre dans un milieu des personnages donnés comme réels, nous fait connaître leur psychologie, leur destin, leurs aventures – yon zèv imajinasyon bèl longè epi an pwoz, ki prezante kòm reyalite yon seri pèsonaj ki ap viv yon kote, epi ki ensiste sou sikoloji ak eksperiyans lavi pèsonaj sa yo ». Eksepte kritè longè a, pa tèlman gen gwo diferans ant dènye definisyon sa a ak twazyèm nan, paske nou toujou poko wè kisa ki fè espesifisite woman an parapò ak lòt kategori tèks fiksyon naratif yo.
Yon apwòch dyakwonik epi senkwonik an menm tan
Lè nou analize tout definisyon anwo yo, nou konstate yon evolisyon pozitif nan kalite yo ak nan konsepsyon moùn genyen sou woman nan chak epòk. Men, jan nou te di deja a, malgre evolisyon sa a, definisyon yo pa chita sou kritè ki demontre sa ki fè yon woman diferan lè yon moùn konpare li paregzanp ak lòt fiksyon naratif tankou epope, nouvèl, kont ak lodyans. Se sa ki fè li enpòtan pou nou konsilte kèk etid teyorik epi egzaminen tèks yo rele « woman » yo dirèkteman pou chache wè, si nou ta kapab idantifye kèk karakteristik espesifik ki egziste sèlman nan kategori literè sila a. Analiz nou an ap valab sèlman si li chita sou evolisyon konsepsyon reyalite yo rele woman an genyen nan diferant epòk soti depi nan Mwayennaj pase nan tout syèk yo pou rive nan periyòd aktyèl la. Apwòch dyakwonik sa a enpòtan, paske lè nou pran premye woman medyeval yo, ki te ekri an vè, nou ka wè yo pa fin twò sanble ak woman pi resan yo, ki ekri an pwoz. Se menm jan tou, lè nou konpare yon woman-kanaval Rabelais XVI yèm syèk ak yon woman bawòk XVII yèm oswa yon woman filozofik XVIII yèm ak yon woman reyalis XIX yèm syèk, san nou pa ajoute woman ekstrèm kontanporen yo, nou ap jwenn sa yo rele woman an, se yon objè etid literè ki konplèks anpil, paske gen anpil variyasyon nan fòm li ak nan kontni li dapre yon pakèt faktè. Se sa ki fè li toujou bon pou nou konsidere toulede apwòch yo (dyakwonik ak senkwonik) nan yon travay ki ap chache konprann kisa kategori literè woman an ye.


Commentaires