top of page

Fè pwomosyon ekri nan lang kreyòl ayisyen an: poukisa epi kouman?

Dernière mise à jour : 31 oct.

Rezime


Objektif atik sa a se demontre rapò dirèk lojik ki egziste ant valorizasyon lang, kilti kreyòl la, sitou kreyòl ekri a, ak reyisit nenpòt pwojè serye pou devlopman ekonomik, politik, kiltirèl epi sosyal nan peyi Dayiti. Apre yon analiz sitiyasyon kreyòl ekri a nan peyi Dayiti apre tranblemanntè 12 janvye 2010 la, atik la pwopoze kèk rekòmandasyon sou wòl Akademi kreyòl yo ap mete sou pye a ta dwe jwe nan pwomosyon lang ak kilti kreyòl ann Ayiti.


Entwodiksyon


Si nou chwazi debat sijè dokimantasyon lang kreyòl ayisyen an, se paske nan estad lang sa a rive nan evolisyon l, se nan domèn ekri a li bezwen yo ba l plis jarèt. Sa vle di se nan domèn ekri a yon akademi kreyòl ta genyen plis travay pou l fè. Aktyèlman, gen anpil lide k ap brase sou koze rekonstriksyon peyi d Ayiti apre tranblemanntè douz 12 janvye 2010 la. Anpil nan refleksyon sa yo gentan kouche deja sou papye. Gen yon pakèt dokiman ki gentan ekri epi pibliye deja sou koze sa a. Kisa nou konstate lè nou analize tout dokiman sa yo ki ekri anrapò ak tranblemanntè douz janvye 2010 la? Konsta sa a nou fè apre analiz dokiman sa yo – ki pwoblematik anpil – se kisa k lakòz li? Si Leta ak lelit yo nan sosyete sivil la pa pran responsabilite yo pou rezoud pwoblèm sa a, sa k pral rive pi devan? Si pa gen anyen ki fèt pou chanje sityasyon pwoblematik sa a, ki konsekans sa pral genyen sou rezilta pwojè (re)konstriksyon oswa refondasyon Ayiti a? Ki wòl yon akademi kreyòl pral genyen pou l jwe nan gwo travay nesesè pou rezoud pwoblèm sosyal sa a? E kouman, ki aksyon konkrè yon akademi kreyòl kab antreprann pou ede rezoud pwoblèm lengwistik, idantitè ak edikatif nan sosyete ayisyen an? Se tout kalite kesyon sa yo nou pral chache reponn nan atik sila a.


Kad teyorik ak metodolojik


Pou reponn kesyon sa yo nan yon fason ki objektif, nou te analize yon kòpis dokiman ayisyen ki anrapò ak tranblemanntè 12 janvye 2010 la. Nou te analize dokiman sa yo pou chache konnen si sityasyon lang kreyòl la nan domèn ekri a evolye, fè bak oswa rete menmman parèyman nan lane 2011 lan. Kòm sipò teyorik ak metodolojik, nou baze n prensipalman sou de travay. Tit premye a ki an franse se Vitalité et disparition des langues. Dokiman sa a se rezilta yon etid syantifik yon gwoup lengwis entènasyonal ekspè UNESCO (Òganizasyon Nasyonz ini pou Edikasyon, Lasyans ak Lakilti) te antreprann nan lane 2003. Dokiman referans sa a pwopoze yon metòd evalyasyon pou mezire vitalite nenpòt ki lang espesyalman sa k an danje yo. Metòd sa a pwopoze nèf kritè ki kab pèmèt nou detèminen sitiyasyon ak fonksyon yon lang, si l ap byen fonksyone oswa si l ap depafini nan sosyete kote y ap itilize l la. Epitou, metòd sa a pwopoze plizyè fason pou revalorize epi fè pwomosyon lang k ap depafini yo.


Dezyèm dokiman an li menm gen pou tit : La lecture, moteur de changement. Mo « chanjman » an nan kontèks tit sa a vle di « devlopman ekonomik e sosyal ». Dokiman sa a prezante rezilta ankèt entènasyonal OCDE (Organisation de Coopération et de Développement Économiques) te fè nan lane 2000 pou detèmine nan ki pwen elèv k ap fini lekòl fondamantal pare pou leve defi sosyete modèn nan. E nou tout konnen defi prensipal pou fonksyone nan sosyete modèn nan chita nan metriz lekti ak ekriti. Dokiman OCDE a enteresan pou de rezon: premyèman, li fè resòti lyen ki genyen ant metriz lang ekri a e reyisit anndan lekòl. Nou konnen lekti ak ekriti se konpetans transvèsal yo ye. Sa vle di, si yon elèv pa konn li ak ekri kòmsadwa, li p ap reyisi nan lòt matyè eskolè yo tankou matematik, syans natirèl, syans sosyal, elatriye. Dezyèmman, dokiman OCDE a konsidere konpetans ekri kòm yon nesesite pou bon jan devlopman sosyal e ekonomik nan sosyete modèn yo. Daprè dokiman OCDE a, « La littératie n’est pas seulement l’un des fondements essentiels de la progression dans d’autres matières dans le cadre scolaire, elle est aussi la condition sine qua non de la réussite dans tous les domaines de la vie d’adulte. Le monde d’aujourd’hui impose aux citoyens de pratiquer l’apprentissage tout au long de la vie. Pour y parvenir, les élèves doivent être préparés à traiter l’éventail d’écrits qu’ils seront amenés à lire durant toute leur vie » (OCDE, 2003, p. 3).


Donk, devlopman sosyal e ekonomik sa a nou swete pou sosyete ayisyen an, l ap vin yon reyalite sèlman lè chak grenn Ayisyen, timoun kou granmoun, fanm kou gason, moun lavil kou moun andeyò, ava konn li e ekri kòmsadwa. Men, konn li e ekri nan ki lang? An franse oswa an kreyòl? Sa se yon deba ki egziste depi lontan. Nou pa gen lentansyon pase anpil tan sou koze sa a nan atik sila a. Men nan kontèks Ayiti a, kòm se yon kesyon ki gen yon enpòtans kapital, nou oblije fè yon ti rale sou li. Si nou baze n sou prensip ki di moun pi maton lè yo aprann li ak ekri nan lang manman yo, lojikman, se nan lang kreyòl la pou edikasyon ak alfabetizasyon ta fèt. Men, fè lekòl an kreyòl, kisa sa enplike legalman e ekonomikman? Nan peyi d Ayiti, pakèt materyèl didaktik ansanm ak lòt kalite tèks elèv yo pral genyen pou yo itilize pandan tout lavi yo a, se nan ki lang yo ekri? Ann gade pou n wè ki kalite dokiman ekri ki genyen disponib pou elèv, etidyan ak pwofesyonèl ayisyen anrapò ak yon sijè presi ki konsène tout kouch sosyal nan peyi d Ayiti.



Commentaires


bottom of page